Sunday, January 17, 2010

se nan li mwen mete tout espwa m

Je m wouj afos mwen kriye.
Ke m sere.
M pedi kouray le m we jan pep
mwen an ap fini,
jan timoun yo ak ti bebe yo ap
tonbe endispoze
nan mitan lari kapital la.

Y'ap rele manman yo,
Y'ap kriye pou pen ak dlo sikre.
Yo tonbe san konesans nan lari a
tankou moun ki blese,
yo mouri nan bra manman yo.

Lamentations 2:11-12

Wi, le m chonje sa,
ke m sere, m santi ke m ap rache.
Men, mwen reprann kouray le m
chonje yon sel bagay.
Senye a pa janm sispann
renmen nou.
L'ap toujou gen pitye pou nou.
Tankou soley la ki leve chak maten
konsa tou lap toujou kenbe
pawol li.
Mwen di: Se Senye a ki tout mwen.
Se nan li mwen mete tout espwa m.

Lam. 3:20-24

Sa bon pou nou rete dousman
ap tann li vin delivre nou.

Lam. 3: 26

1 comment:

Anonymous said...

I love the new pictures on the sidebar!